Home | About | Contacts| News | Quick Links | Search

 
       

Harvard Medical School Teaching Affiliate

For Patients For Providers Academics Careers Services Locations How to Give  

 

Baz nou

Sèvis Medikal nou yo

Kòman pou Jwenn yon Doktè

Peye pou Swen Sante

Resous nan afè Sante

Règleman sou afè Konfidansyalite (HIPAA)


 
 
 

 

 

PAMI SÈVIS NOU BAY YO OU JWENN

Swen pou Ka Ijan
Swen Regilye
Operasyon
Swen pou Gwosès
Swen Espesyal pou Pwoblèm Medikal
Swen pou Zye
Swen pou Dan
Pwoblèm Mantal

Swen pou Ka Ijan.
Si ou pran yon gwo chòk oubyen ou gen yon gwo maladi, silvouplè rele 9-1-1.

Cambridge Health Alliance bay sèvis ijan 24 sou 24 nan 3 lopital nou yo, Lopital Cambridge la, Lopital Somerville la, ak Lopital Whidden nan. Silvouplè klike sou non lopital la pou jwenn yon kat ki bay direksyon pou ale nan chak ladan yo.

Chak sal dijans lopital yo gen bon jan doktè ak enfimyè nan tout lè. Nou bay Swen Ijan an Eksprès pandan lajounen ak ta nan aprèmidi nan tou lè twa lopital yo. Nan swen eksprès la, yo trete moun ki gen pwoblèm ak maladi ki mwen grav, sa fè pasyan yo fè mwens tan ap tann.

Tou lè twa sal dijans yo gen entèprèt medikal sou plas pou ede moun jwenn pi bon swen posib.

Swen Regilye.
Nan Cambridge Health Alliance lan, nou kwè nan prevni pwoblèm sante, nenpòt lè sa posib avan yo vin pi grav. Yon fason pou fè sa se pou chwazi yon doktè regilye (PCP).

Yon "PCP" se yon doktè oubyen yon enfimyè ki pratike medsin ki ka travay avèk ou a lon tèm pou kenbe w an sante. Yon "PCP" ka fè tchekòp pou ou, li ka kòmande tès pou ou pou l detekte nenpòt pwoblèm sante, leplisouvan li ka fè tès pou ou pou l wè si ou fè yon maladi avan ou santi ou malad.

Yon "PCP" ka voye w wè yon espesyalis tou lè w bezwen swen nan men yon ekspè. Yo ede kontwole maladi kwonik (tankou opresyon, sik ak maladi kè).

Nou gen anpil doktè regilye "PCPs" pou timoun, granmoun, granmoun aje ak pou tout fanmi an. Anpil nan doktè regilye nou yo bay randevou nan menm jou ou bezwen l lan ak nan aprèmidi nèt. Sa rann li pi fasil pou fanmi ki travay yo pou yo jwenn swen sante, lè yo bezwen l. Klike la a pou jwenn yon doktè regilye ki bon pou ou. Oubyen telefòne 617-665-1305 pou antre an kontak avèk liy referans pou swen jeneral nou an.

.

Operasyon/Zo.
Lè w chwazi yon doktè operasyon pou oumenm oubyen pou yon moun ou renmen, se pi bon an wap jwenn. Doktè operasyon nou yo gen eksperyans, epi se lidè yo ye nan domèn sa a. Anpil ladan yo pwofesè nan Lekòl Medsin Harvard ak nan pi bon lopital nan zòn nan.

Nou fè anpil envestisman enpòtan nan teknoloji medikal pou nou amelyore swen w. Pami teknoloji medikal sa yo ou jwenn, sal operasyon dènye modèl, nouvo teknoloji nan afè radyografi tankou "MRI", Radyografi espesyal sou konnpyoutè (CAT eskann) ki montre foto nan 3 dimasyon, sonogram, mamografi dijital ak nouvo aparèy yo rele "C-arms" pou nouvo sant endovaskilè (venn anndan) nou yo

Konnyè a nouvo ekip operasyon nou an gen konesans nan domèn sa yo:

Operasyon Jeneral, tankou nouvo teknik avanse
kote yo bezwen antre andedan moun mwens
Operasyon nan Venn, pou tout maladi nan venn ak nan atè
Operasyon nan Zòrèy, nan Nen ak nan Gòj
Operasyon nan Zye, tankou operasyon avèk
Laser pou Korije Vizyon
Operasyon Estetik, pou retire gwo mak ak pou
amelyore aparans ou
Podyatri (pye), pou tout maladi pye
Òtopedi (zo), operasyon pou ranplase jwenti konplè
Medsin Espòtif, pou tout chòk nan vyann pou ede w santi w mye, kèlkeswa laj ou

Swen Gwosès.
Fè yon tibebe se yon moman espesyal - anplwaye Cambridge Health Alliance vle pou oumenm ak fanmi ou fè pi bon jan eksperyans posib.

Nou fyè pou nou genyen yon Sant matènite tou nèf nan Lopital Cambridge la ki pèmèt ou jwenn bon jan swen nan akouchman ou. Nou genyen yon Bèl Sant Akouchman ke Fanmsaj ak "Doula" nou yo (Fi espesyal ki la pou bay moun sipò pandan akouchman) opere pou fi ki chwazi pou yo fè kouch natirèl.

Pou swen avan akouchman, fi ka wè doktè nou yo nan plizyè lokal tankou Sant sante pou Fi nan Lopital Cambridge la, Sant sante pou Fi nan Lopital Somerville la, Sant Sante Revere a, Sant Sante Malden nan oubyen Sant Sante Windsor Street la.

Espesyalis Medikal.
Espesyalis Medikal se ekspè nan yon seri de chòk ak maladi ki afekte yon pati byen detèmine nan kò a. Espesyalis medikal yo travay nan tou lè twa lopital nou yo ak nan plizyè nan sant sante kominotè nou yo tankou "Revere Family Health center".

Ekip Espesyalis medikal nou an genyen ladan l:

Kadyològ, ki ede detekte epi trete nenpòt pwoblèm kè
Dèmatològ, ki ekspè nan pwoblèm po tankou lota/gwo gratèl oubyen kansè nan po
Endokrinològ, ki konprann pwoblèm Dyabèt ak pwoblèm metabolis
Gastroentewològ, ki ede avèk pwoblèm nan vant, asid ak lòt pwoblèm
Geryatrik, ki ekspè nan maladi ki afekte granmoun aje
Ekspè nan Maladi Enfektye, ki konprann viris ak enfeksyon mikwòb bay
Nefwològ, ki ekspè nan Madai nan Ren (grenn vant)
Newològ, ki ede moun ki gen nè ki domaje, maltèt ak maladi byen espesifik ki bay kriz
Pilmonològ, ki konprann maladi poumon tankou opresyon ak anfizèm (maladi gwo poumon)
Romatològ - ki konprann pwoblèm nan zo ak nan jwenti tankou doulè rimatis ak maladi kote zo yo vin frajil epi yo kase fasil (osteopowoz)

Swen Zye.
Sant zye CHA a fè tout kalite tès ak tretman pou zye. Nou gen teknik soti depi nan fè linèt ak vèd kontak rive jiska nan gwo operasyon pou katarat oubyen operasyon "LASIK" pou Korije Vizyon. Sant Zye a nan Lopital Somerville la. Ou ka kontakte yo nan 617-591-4949.

Swen Dan. Sèvis dantè CHA yo nan Cambridge, nan Windsor Street Health Center a. Ekip dantis nou yo ka ede w avèk tout bagay depi nan netwaye dan w, plonbe dan w ak gwo travay nan dan w. Ou ka kontakte yo nan 617-665-3990.

Sante pou Pwoblèm Mantal.
Si oumenm oubyen yon moun ou konnen gen pwoblèm depresyon, pwoblèm fè kòlè, abize tabak, alkòl oubyen dwòg, oubyen pwoblèm nan relasyon oubyen lòt pwoblèm konpòtman, Cambridge Health Alliance ka ede l. Nou gen pwogram ki an sekirite epi ki konfidansyèl pou tout yon seri de pwoblèm mantal.

Pou kesyon sou sèvis sante mantal an Pòtigè, silvouplè telefòne:
617-665-3000

Pou kesyon sou sèvis sante mantal an an Espayòl, silvouplè telefòne: 617-665-3900

Pou kesyon sou sèvis sante mantal an Kreyòl Ayisyen, silvouplè telefòne: 617-591-6380

 

 

CHA Connections
1-877-637-2277