|
LÒT
RESOUS NAN AFÈ SANTE
Pwogram Konseye Volontè nan Afè
Sante
Entèprèt nan
Plizyè Lang
Cambridge Health
Alliance sèvi yonn nan popilasyon pasyan Ozetazini ki pale
plis lang epi ki sòti nan plis kilti diferan. Plis ke mwatye
nan pasyan nou yo pale yon lòt lang prensipal lakay yo otke
Anglè. Ase souvan nou itilize plis ke 30 lang nan sistèm
nou an, e nou rankontre plis ke 100 lang chak ane.
Pou ede konble
diferans nan afè langaj ak kilti, Alliance lan bay entèprèt
pwofesyonèl, pwofesyonèl pou tradiksyon ekri ak sèvis
konsiltasyon kiltirèl. Sèvis sa yo gen yon objektif
doub - yo pèmèt anplwaye yo byen kominike avèk
pasyan, e yo pèmèt pasyan yo jwenn swen sante nan
lang yo vle.
Depatman Entèprèt
la fè pati de taktik global Alliance lan nan afè lang
ak kilti tou, ki gen ladan l anplwaye ki pale 2 lang epi ki konn
2 kilti, kou lang pou anplwaye yo ak fòmasyon sou afè
diferans.
Pou plis enfòmasyon
sou sèvis entèprèt la, telefòne 617-665-1426.
-Informações Adicionais-
-Plis Enfòmasyon-
-Más
Información-
Konseye Volontè nan afè Sante
Konseye Volontè nan afè Sante yo se manb kominote
a ki pale 2 lang epi ki konn 2 kilti ke Cambridge Health Alliance
f'òme pou anseye lòt moun bagay sou sante ak de sistèm
sante a.
Si ou abite
oubyen ou vizite zòn Boston an, ou ka wè Volontè
nan afè Sante pandan prezantasyon an gwoup sou edikasyon
sante, ekzamen sante ak lòt pwogram nan legliz, nan travay
ak nan lòt kote. Konseye Volontè nan afè Sante
yo òganize epi fè kou sou afè fè manje
ki bon pou lasante, gwoup sipò pou moun ki fè sik
ak klinik sou vye grip ki bay lafyèv ak kò kraze a.
Si ou gen yon
kesyon, wap chèche enfòmasyon jeneral sou pwogram
ak sèvis sante, oubyen ou ta renmen patisipe kòm yon
volontè, telefòne liy Konseye Volontè nan afè
Sante a nan 617-591-6701
Depi 2001,
Konseye Volontè nan afè Sante yo:
- Ap travay
avèk legliz ak òganizasyon kominotè nan kominote
Ayisyen, Brezilyen, Panyòl, Ameriken Nwa ak Azyatik Disid
- Te pran Prim
Asosyasyon Nasyonal Lopital Piblik pou ane 2004 la paske yo ede
manb kominote a jwenn sèvis sante.
- Te teste
plis ke 8,100 moun pou sik, kolestewòl ak tansyon
- Te ede plis
ke 700 manb kominote a jwenn yon Doktè Regilye oubyen asirans
sante.
|